January 10th, 2007

AnalizAyiti


Analiz Ayiti se yon piblikasyon pa entènèt ki gen yon editoryal endepandan; sit sa pwodui pa endividi ki dedikase tèt yo pou disemine nouvel & analiz sou Ayiti; & pèp sa ki pa janm sispan batay pou demokrasi. Sit entènèt la te demare le 14 Janvye 2007, an memwa de yon jenn jounalis Ayisyen, Abdias Jean; ki se dezyèm anivèsè lanmò li. Bu Analiz Ayiti se pou kapab pèmèt jenn jounalis Ayisyen jwen yon wout dirèk a odyans ki pale angle; donk yo pap oblije pase pa gwo kòporasyon ki nan mitan. Pou’n kapab acheve sa, nou planifye pou’n ba yo lajan & teknoloji; epui tou n’ap bay moun pou fè tradiksyon ak lòt resous a jenn, pòv Ayisyen ki aspire pou yo vinn jounalis. Lòt sa ke nou vize, se pou nou kapab montre yon pèspektiv pozitiv de òganizasyon de baz nan sosyete sivil la; & pou’n montre nouvel ki pa parèt nan medya yo; & evènman an Ayiti, jan li afekte Ayiti.

Nou swete pou’n kapab li fè envestigasyon & li mete nan kontex yo nouvel an detay; pou’n ka kaptire yon gran odyans ki enklu: gran piblik la, Ayisyen, moun ki pa Ayisyen; moun ki nan sektè akademik la, jounalis; aktivis, envestè, & moun ki ap fè polisy nan diferan peyi. Pandan ke sit sa pibliye opinyon avèk atik jounal, nou ekzije ke tout enfòmasyon yo verifye. Fòma sa ke nou genyen pou sit la te enspire pa lòt piblikasyon tankou Zmagazine & piblikasyon sè nou Venezyela Analiz. N’ap apresye donasyon monetè’w anpil. Nou aksepte donasyon sou paypal nan kont nou ki se: haitiananalysis-at-gmail-dot-com; epui tou n’ap aksepte kèk reklam ak limit; pou ede nou peye depans nou. Nou aksepte donasyon nan men òganizasyon ou endividi ki gen menm filozofi avèk nou; & okenn ladan yo pa ka di nou ki kalite mesaj pou’n mete nan piblikasyon nou.

Se zanmi nan Inivèsite Stanford ki banou sèvis entènèt ke n’ap itilize a. Manm prensipal nou baze an Ayiti, Etazini, & Kanada. Manm prensipal nou konpoze de: Wadner Pierre, Jeb Sprague, Nazaire St Fort, Joe Emersberger & Jean Ristil


E-mail: haitiananalysis-at-gmail-dot-com